Articles

Affichage des articles du février, 2026

Désir Olby, jèn agwonòm ki kwè nan latè kòm solisyon pou devlopman Ayiti

Image
Depi li piti, Désir Olby grandi ak latè. Se latè ki te soutni edikasyon li, se latè ki te fòme vizyon li. Se eksperyans sa a ki pouse l chwazi agwonomi kòm pwofesyon. «Evolye kòm Agwonòm se youn nan pwofesyon ki pa depan de moun oswa de gwoup, li depan de ou menm dirèkteman », se konsa li eksplike chwa li. Jodi a, li se espesyalis nan pwodiksyon vejetal, ak yon pasyon klè : pwodwi, valorize epi mete pwodwi agrikòl sou mache a. Ki pi gwo defi ou rankontre sou ten an kòm jèn pwofesyonèl ? Malgre motivasyon an, reyalite teren an pa fasil. Youn nan pi gwo difikilte Mwen rankontre se pwoblèm mendèv. Li pale de yon mank grav travayè nan eksplwatasyon agrikòl yo, sa ki ralanti pwodiksyon an e dekouraje anpil jèn. Pou li, sa se prèv agrikilti a pa valorize jan sa ta dwe ye nan sosyete a. Ki chanjman ou ta renmen wè nan fason agrikilti ap fèt jodi a? Vizyon Désir Olby pou agrikilti ayisyen an chita sou plizyè pilye klè : 1.Leta dwe pran responsablite li epi fè agrikilti tounen yon aktivite jene...

Haïti frappe un grand coup : Pia Sundhage nommée sélectionneuse de l’équipe féminine.

Image
Née en Suède, Pia Sundhage est bien plus qu’une entraîneuse : c’est une légende vivante du football féminin. Ancienne internationale suédoise, elle fut la meilleure buteuse de l’histoire de la sélection de Suède et a évolué principalement au poste d’attaquante. Son palmarès comme joueuse inclut notamment la victoire à l’Euro féminin 1984, où elle termine meilleure joueuse et meilleure buteuse du tournoi. La carrière d’entraîneuse de Pia Sundhage force le respect. Elle a dirigé plusieurs grandes sélections nationales, dont la Suède, le Brésil et la Suisse, avec des résultats remarquables. Son passage à la tête de l’équipe féminine des États-Unis reste gravé dans l’histoire : 🥇 Deux médailles d’or olympiques (2008, 2012) 🥈 Finaliste de la Coupe du monde 2011 🏅 Élue Meilleure entraîneuse féminine de l’année FIFA en 2012 Elle a également remporté la Copa América Féminine avec le Brésil, confirmant sa capacité à s’imposer sur différents continents.  L’arrivée d’une personnalité de ce...

AYITI U17 FRAPE FÒ EPI EKRI ISTWA NAN ELIMINATWA MONDYAL LA.

Image
Seleksyon Ayiti U17 la fè yon premye faz eksepsyonèl nan eliminatwa Koup Mond lan. Avèk 4 match, 4 viktwa ak 12 pwen, jèn Grenadyè yo fini premye nan gwoup la epi kalifye ofisyèlman pou dezyèm faz konpetisyon an. Yon pèfòmans solid ki montre disiplin, talan ak anbisyon ekip la. Men sa ki plis frape lespri obsèvatè yo, se lis bitè yo. Yon detay etonan pa pase inapèsi : tout jwè ki make plis gòl pou Ayiti yo gen non ki kòmanse ak lèt “K”. ⚽ Keisha Gué (5 gòl) ⚽ Kerdina Lamour (3 gòl) ⚽ Kyrah Lormil (3 gòl) ⚽ Krystel C. (2 gòl) Yon senbòl ki vin bay plis koulè ak cham nan bèl avanti sa a, kote lèt “K” sanble tounen siy kouraj, kalite,konba ak kè kontan pou Ayiti. Avèk yon atak efikas, yon kolektiv solid ak yon lespri viktwa klè, Ayiti antre nan dezyèm faz la ak anpil espwa ak konfyans. Jèn Grenadyè yo pare pou kontinye leve drapo a byen wo epi fè peyi a reve pi lwen toujou.  Abòne ak Enpak Amerika Média pou plis analiz ak nouvèl sou parcours Ayiti nan eliminatwa yo. 

DALOVE STÉPHANIE BELROSE, FYÈTE JAN RABÈL.

Image
Dalove Stéphanie BELROSE se yon jèn fi angaje, disipline, ki kwè nan respè ak detèminasyon. Li chwazi reprezante Jan Rabèl nan 2zyèm edisyon Konkou Miss Nòdwès 2026 la, pa pou fè konpetisyon pou tèt li sèlman, men pou mete kominote li an valè, revele talan kache yo epi fè Jan Rabèl make istwa.   « Mwen pa patisipe paske lòt moun patisipe, mwen patisipe paske mwen vle mete Jean-Rabel an avan. » Selon yon piblikasyon Renand Antoine, animatè kiltirèl nan komin Jan Rabèl, Dalove se pitit komin nan, li soti nan 5ᵉ seksyon kominal Jan Rabèl(Dessous), epi li ap kontinye etid li nan vil Pòdpè. Vizyon li klè : chanje fason moun pale de Jan Rabèl, mete aksan sou valè pozitif yo, sou jèn ki gen kapasite, sou lidèchip ak sou lavni. Pou objektif sa a rive abouti, Dalove bezwen : Sipò kominote a; esponnsò angaje ;Anpil vòt ;Yon staff solid ak Yon foul ki kanpe dèyè li. Batay sa a se pa pou Dalove sèlman, se yon batay pou Jan Rabèl, pou demontre komin nan gen vwa, gen talan, gen jèn ki pare pou p...