AYITI U17 FRAPE FÒ EPI EKRI ISTWA NAN ELIMINATWA MONDYAL LA.
Seleksyon Ayiti U17 la fè yon premye faz eksepsyonèl nan eliminatwa Koup Mond lan. Avèk 4 match, 4 viktwa ak 12 pwen, jèn Grenadyè yo fini premye nan gwoup la epi kalifye ofisyèlman pou dezyèm faz konpetisyon an. Yon pèfòmans solid ki montre disiplin, talan ak anbisyon ekip la.
Men sa ki plis frape lespri obsèvatè yo, se lis bitè yo. Yon detay etonan pa pase inapèsi : tout jwè ki make plis gòl pou Ayiti yo gen non ki kòmanse ak lèt “K”.
⚽ Keisha Gué (5 gòl)
⚽ Kerdina Lamour (3 gòl)
⚽ Kyrah Lormil (3 gòl)
⚽ Krystel C. (2 gòl)
Yon senbòl ki vin bay plis koulè ak cham nan bèl avanti sa a, kote lèt “K” sanble tounen siy kouraj, kalite,konba ak kè kontan pou Ayiti.
Avèk yon atak efikas, yon kolektiv solid ak yon lespri viktwa klè, Ayiti antre nan dezyèm faz la ak anpil espwa ak konfyans. Jèn Grenadyè yo pare pou kontinye leve drapo a byen wo epi fè peyi a reve pi lwen toujou.
Abòne ak Enpak Amerika Média pou plis analiz ak nouvèl sou parcours Ayiti nan eliminatwa yo.

Commentaires
Enregistrer un commentaire