DALOVE STÉPHANIE BELROSE, FYÈTE JAN RABÈL.
Dalove Stéphanie BELROSE se yon jèn fi angaje, disipline, ki kwè nan respè ak detèminasyon. Li chwazi reprezante Jan Rabèl nan 2zyèm edisyon Konkou Miss Nòdwès 2026 la, pa pou fè konpetisyon pou tèt li sèlman, men pou mete kominote li an valè, revele talan kache yo epi fè Jan Rabèl make istwa.
« Mwen pa patisipe paske lòt moun patisipe, mwen patisipe paske mwen vle mete Jean-Rabel an avan. »
Selon yon piblikasyon Renand Antoine, animatè kiltirèl nan komin Jan Rabèl, Dalove se pitit komin nan, li soti nan 5ᵉ seksyon kominal Jan Rabèl(Dessous), epi li ap kontinye etid li nan vil Pòdpè. Vizyon li klè : chanje fason moun pale de Jan Rabèl, mete aksan sou valè pozitif yo, sou jèn ki gen kapasite, sou lidèchip ak sou lavni.
Pou objektif sa a rive abouti, Dalove bezwen : Sipò kominote a; esponnsò angaje ;Anpil vòt ;Yon staff solid ak Yon foul ki kanpe dèyè li.
Batay sa a se pa pou Dalove sèlman, se yon batay pou Jan Rabèl, pou demontre komin nan gen vwa, gen talan, gen jèn ki pare pou pote chanjman.
Toujou selon Renand Antoine, kandida a ap chèche aprann plis sou istwa Jan Rabèl, pou li ka pote mesaj li ak fyète, konesans ak responsablite sou sèn konkou a.
Ann leve kanpe pou Jean-Rabel!
Sipòte Dalove Stéphanie BELROSE
Sipòte kominote nou
Ann ekri istwa ansanm

Commentaires
Enregistrer un commentaire