Désir Olby, jèn agwonòm ki kwè nan latè kòm solisyon pou devlopman Ayiti
Depi li piti, Désir Olby grandi ak latè. Se latè ki te soutni edikasyon li, se latè ki te fòme vizyon li. Se eksperyans sa a ki pouse l chwazi agwonomi kòm pwofesyon.
«Evolye kòm Agwonòm se youn nan pwofesyon ki pa depan de moun oswa de gwoup, li depan de ou menm dirèkteman », se konsa li eksplike chwa li. Jodi a, li se espesyalis nan pwodiksyon vejetal, ak yon pasyon klè : pwodwi, valorize epi mete pwodwi agrikòl sou mache a.
Ki pi gwo defi ou rankontre sou ten an kòm jèn pwofesyonèl ?
Malgre motivasyon an, reyalite teren an pa fasil. Youn nan pi gwo difikilte Mwen rankontre se pwoblèm mendèv.
Li pale de yon mank grav travayè nan eksplwatasyon agrikòl yo, sa ki ralanti pwodiksyon an e dekouraje anpil jèn. Pou li, sa se prèv agrikilti a pa valorize jan sa ta dwe ye nan sosyete a.
Ki chanjman ou ta renmen wè nan fason agrikilti ap fèt jodi a?
Vizyon Désir Olby pou agrikilti ayisyen an chita sou plizyè pilye klè :
1.Leta dwe pran responsablite li epi fè agrikilti tounen yon aktivite jeneratris revni, motè devlopman ekonomik peyi a.
2.Kreye mache estriktire, nasyonal kou entènasyonal, pou koule pwodwi agrikòl yo.
3.Chak depatman ta dwe genyen yon fakilte agwonomik.
4.Mete mekanizasyon agrikòl disponib, pandan y ap pwoteje anviwònman an.
Pou li, san vizyon leta, agrikilti ap kontinye rete nan nivo siviv olye li vin yon sektè pwodiktif.
Ki sa ki pi gwo satisfaksyon w Jodi a?
Pi gwo satisfaksyon m jiska prezan, se pa tit la sèlman, men lefèt ke m vin yon enjenyè agwonòm ki kontribye dirèkteman nan mete pwodwi agrikòl ayisyen sou mache a.
Sa montre, selon li, ke agrikilti kapab yon chemen reyisit lè gen pasyon ak angajman.
Wòl jèn yo nan lavni agrikilti Ayiti?
Pou Désir Olby, jèn yo se pilye santral agrikilti ayisyen an.
Li ankouraje plis jèn antre nan domèn agwonomi, olye yo chèche al fè mizè Sendomeng nan sektè enfòmèl.
« Olye n peye pou n al soufri lòt bò fwontyè a, ann mete enèji nou nan pwodiksyon danre agrikòl lakay », li souliye.
Ou panse agrikilti kapab yon solisyon nan chomaj jèn yo?
Dapre Olby, tout peyi ki gen potansyèl ekonomik solid pase pa pwodiksyon primè.
Plis pwodiksyon ap ogmante, plis pwodwi koule sou mache planifye, se plis revni kreye, se plis jèn ap enterese nan agrikilti.
Li bay egzanp fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn :
si fèmen fwontyè a pou yon semèn ka lakòz plizyè Milyon Dola pèt pou agrikiltè dominiken an paske nou se mache yo koule pwodwi yo.
Ò,Ayiti gen kapasite pou pwodwi menm pwodwi sa yo : ze, piman dous, piman pike, berejèn, militon, pòmdetè, pwaro, zonyon, elatriye.
Yon mesaj klè
Pou Désir Olby, pwoblèm nan pa kapasite tè a, men volonte leta.
« Ayiti ka pwodwi tout sa, wi frè m… se leta a », li konkli.

Commentaires
Enregistrer un commentaire