Yon pati nan Mwen : Senk (5) lane aprè, yon rap kreyòl ki kontinye pale ak konsyans

Gen mizik ki fèt pou moman, epi gen lòt ki fèt pou tan. “Yon pati nan Mwen”, mizik rap kreyòl Agro Carl lan, fè pati dezyèm kategori a. Senk (5) lane aprè sòti li, mizik la kontinye kenbe sans li, paske li pa t chita sou tandans pasajè, men sou verite imen ki pa janm pa ka pase mòd.

Depi nan refren an, mizik la mete melomàn yo fas ak yon reyalite ekstrèm : fatig emosyonèl, pèdi fòs, ak krentif pou glise. Chwa pou di “m ekspoze m a mwatye” tradwi yon atitid ki pa asime fasil nan rap : aksepte vilnerabilite kòm fòs. Vwa Kelly(yon Fanm), ki pote refren an, ajoute yon dimansyon tanporèl ak emosyonèl ki fè mizik la vin pi memorab. Li vin tankou yon souvni ki retounen, yon vwa enteryè ki pa janm sispann pale.

Nan premye vès la, Agro Carl fè yon analiz san filtè sou pwòp chemen li. Li rekonèt kontradiksyon ant sa li konnen ki bon pou li ak sa lavi enpoze l. Li pale de sakrifis, de padon, de grangou kòm metafò libète mantal. Senk lane aprè, pawòl sa yo toujou frape, paske yo poze kesyon sou etik pèsonèl, sou fason yon moun chwazi grandi san li pa pèdi mounite li.

Dezyèm vès la pote mizik la sou yon nivo refleksyon pi pwofon. Atis la poze kesyon sou desten, sou rèv ki pa janm reyalize, sou jantiyès li ki souvan vin tounen feblès nan sosyete a. Li rekonèt nesesite pou chanje kèk liy nan lavi li si li vle avanse, men li refize abandone prensip li. Pozisyon sa a, senk lane aprè, montre yon rap ki pa t ekri pou fè efè, men pou kite tras.

Sou plan mizikal, “Yon pati nan Mwen” se yon rap kreyòl reflektif ki mande tan pou li apresye. Fon mizik la fèt pou soutni pawòl yo, pa pou kouvri yo. Estrikti a senp, men efikas, sa ki pèmèt mizik la vyeyi byen. Se jisteman senplisite sa a ki fè mizik la rete aktyèl malgre pasaj tan an.

Jodi a, senk lane aprè sòti li, “Yon pati nan Mwen” ka li kòm yon dokiman emosyonèl, yon temwayaj sou batay enteryè yon jenerasyon k ap chèche rete dwat nan yon mond ki souvan pa bay chans. Se yon mizik ki raple nou ke rap kreyòl pa sèlman zouti pou fè bri, men tou yon espas pou reflechi, pou konfese, pou geri.

KT.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

CSLMM : Une leçon de démocratie et de leadership au cœur de Jean Rabel.

UNE NOUVELLE PRÉSIDENTE POUR LE CSLMM APRÈS 9 ANS D'ATTENTE.

Solidarité éducative : le Collège Béthel honore la nouvelle présidente du CSLMM.