Miss Saint-Jean lanse. apèl pou kandida avèk inovasyon dijital
Konkou Miss Saint-Jean fè gwo nouvèl nan komin Jan-Rabèl: komite òganizasyon an pibliye apèl ofisyèl pou kandidati, ansanm ak nouvo inovasyon ki fè pwosesis la pi fasil ak modèn.
Pou premye fwa, apèl la enkòpore yon QR Code ki mennen kandida yo dirèkteman sou fòmilè enskripsyon an liy. Anplis de sa, komite a pibliye tou lyen fòmilè an liy lan, pou rann patisipasyon pi aksesib ak senp pou tout jèn fi ki enterese yo https://ee.kobotoolbox.org/x/lxsVFKo6. Sa montre yon angajman klè pou itilize zouti teknolojik pou fasilite lavi patisipan yo.
Nan domèn kominikasyon ak pwomosyon, Miss Saint-Jean leve nivo a wo, mete yon estanda inik nan òganizasyon evènman lokal yo. Komite a montre ke li pa sèlman adapte ak teknoloji, men li sèvi ak li kòm yon zouti pou ogmante transparans, aksesibilite ak angajman piblik la.
Selon analiz obsèvatè, fason Miss Saint-Jean ap entegre teknoloji ak kominikasyon ka sèvi kòm yon leson gratis pou pwochen òganizatè evènman yo, ki ta dwe pran nòt pou amelyore pwòp pwosesis yo nan lavni.
Miss Saint-Jean, se pa sèlman bote ak kilti, men inovasyon ak lidèchip.

Commentaires
Enregistrer un commentaire