Mika la Préférable, yon edikatris ki chwazi Agrikiti kòm zouti konsyans nan Jan-Rabèl.

Nan yon epòk kote rezo sosyal yo souvan sèvi pou divètisman san kontni oswa diskou ki dekouraje, gen kèk vwa ki chwazi yon lòt chemen. Mika la Préférable se youn nan vwa sa yo. Li se yon edikatris , yon jèn fanm angaje nan domèn edikasyon, epi an menm tan yon pitit tè komin Jan-Rabèl, plis presizeman nan premye seksyon Lakoma, ki deside sèvi ak platfòm dijital yo pou leve konsyans sou enpòtans agrikilti.
Mika pa prezante tèt li kòm yon espesyalis agrikòl, men kòm yon sitwayèn konsyan, ki konprann ke devlopman pa ka fèt san edikasyon, e edikasyon pa ka detache ak reyalite kominote a. Se nan sans sa a li fè agrikilti vin tounen yon zouti, yon mwayen pou motive jenès la reflechi sou avni li, sou tè a, ak sou kapasite li genyen pou kreye richès lakay li.
Sou paj Facebook li, Mika la Préférable mete ansanm pwomosyon agrikilti ak pwovèb kreyòl, de(2) eleman fondamantal nan kilti ayisyèn. Atravè pawòl senp, imaj frapan ak mesaj reflechi, li raple jenès la ke travay tè a pa yon senbòl echèk, men yon chemen diyite, endepandans ak pwogrè. Pou lane 2025, li te vin youn nan  jèn fanm ki te enfliyanse jenès Nòdwès la nan yon mannyè pozitif, san bri, san eskandal, san tèt grate.
Pou kòmansman ane 2026 sa a,li renouvle angajman e  pataje yon eksperyans li te viv nan jaden ak yon gran tonton li a travè yon ti istwa. Pandan li t ap obsève jaden an ak bèt yo, li poze yon kesyon ki sanble senp, men ki chaje sans : Tonton,
poukisa ou renmen fè jaden konsa, malgre ou fin granmoun ?
Repons gran tonton an tounen yon leson lavi :
“Ou wè jaden sa yo ak zannimo sa yo, mwen gen 6 pitit. Men se agrikilti ki ban m enjenyè, enfimyè, kontab…”
Nan kèk fraz, reyalite a klè : agrikilti se yon envestisman alontèm, yon fondasyon ki ka soutni edikasyon, sante ak mobilite sosyal. Konsèy la vin dirèk : pa janm pè envesti nan agrikilti.
Atravè pataj sa a, Mika la Préférable pa t sèlman rakonte yon istwa pèsonèl. Li te transmèt yon vizyon, li te raple jenès la ke tè a gen valè, ke travay agrikòl ka louvri pòt siksè, menm nan yon kontèks difisil. Nan sans sa a li pati pou konstwi yon modèl enfliyans pozitif, espesyalman pou jèn fi yo, ki souvan rete an deyò diskou sou agrikilti ak devlopman lokal.
Ant wòl li kòm edikatris k ap fè lekòl ak angajman li sou rezo sosyal yo, Mika la Préférable montre ke edikasyon pa limite ak sal klas la. Li se tou yon kesyon transmisyon valè, konsyans sitwayen ak respè pou travay peyizan an. Nan yon peyi kote anpil jèn reve kite tè a, mesaj Mika raple ke lavni kapab bati tou lakay, si gen vizyon, travay ak volonte.
Mika la Préférable se prèv vivan ke yon jèn fanm angaje, ak yon diskou senp men sensè, ka fè gwo diferans. Agrikilti, pou li, pa yon slogan; se yon misyon, yon apèl pou jenès Jan Rabèl la repanse rapò li ak tè a, ak ak pwòp avni li.


 Redaksyon : KT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

CSLMM : Une leçon de démocratie et de leadership au cœur de Jean Rabel.

UNE NOUVELLE PRÉSIDENTE POUR LE CSLMM APRÈS 9 ANS D'ATTENTE.

Solidarité éducative : le Collège Béthel honore la nouvelle présidente du CSLMM.