LLJJ | Konbit pou yon lekòl pwòp ak responsab.

 Jodi samdi 17 janvye 2026 la, pwomosyon “Perspicace” nan Lycée Louis Joseph Janvier (LLJJ) reyalize yon bèl aksyon sitwayèn atravè yon gwo netwayaj nan lakou lekòl la.

Se nan yon anbyans fratènite, disiplin ak lespri konbit ke elèv yo mete men ansanm pou asenize anviwònman lekòl la, bay yon bèl egzanp responsablite ak lidèchip. Aksyon sa a montre klèman angajman jenerasyon sa a pou yon edikasyon ki ale men nan men ak respè pou anviwònman an.

Selon elèv yo, edikasyon ak salte pa monte menm cheval. Netwaye lekòl la pa t yon senp travay, men yon jès lanmou, konsyans ak respè pou espas kote y ap aprann ak grandi chak jou.

Inisyativ sa a raple nou ke lekòl se pa sèlman yon espas konesans, men tou yon kote pou fòme sitwayen responsab, konsyan de wòl yo nan sosyete a. Pwomosyon Perspicace voye yon mesaj fò : chanjman an ka kòmanse ak ti aksyon men ki konkrè. 





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

CSLMM : Une leçon de démocratie et de leadership au cœur de Jean Rabel.

UNE NOUVELLE PRÉSIDENTE POUR LE CSLMM APRÈS 9 ANS D'ATTENTE.

Solidarité éducative : le Collège Béthel honore la nouvelle présidente du CSLMM.