Larisi : Yon chat ki rele Xiaopi rive endispoze aprè li te fin fè bagay ak plis pase 5 femèl chat nan yon sèl sware.
Yon istwa dwòl, men ki fè anpil moun ri, ap sikile sou rezo sosyal yo depi kèk jou. Yon chat ki pote non Xiaopi, t ap viv trankil ak mèt li nan Larisi, jiskaske yon evènman etranj rive pandan yo t ap pase yon nwit nan yon otèl.
Daprè temwayaj mèt Minou, Xiaopi te antre avè l nan otèl la san pwoblèm. Men nan mitan lannuit lan, mèt la remake Minou disparèt. Se sèlman nan demen maten yo rive jwenn li, kouche endispoze nan koulwa otèl la.
Okòmansman, mèt Minou a te kwè se yon moun ki te fè l mal. Konsa, li mande administrasyon otèl la pou yo verifye kamera siveyans yo, nan lide pou konprann sa ki te pase pandan nwit lan.
Lè mèt la gade videyo yo, li dekouvri se pa agresyon moun ki lakòz pwoblèm nan, men pito… lanmou san kontwòl. Kamera yo montre Minou t ap fè krèy pandan tout nwit lan. Daprè imaj yo, towo a pase sou omwen senk (5) chat youn apre lòt, san repo. Twòp efò, twòp enèji depanse, sa ki lakòz li pèdi konesans nan fen misyon an.
Pou sove konpayon li a, mèt Minou oblije mete l sou serum, prepare bon ti bouyon, epi ba li remontan pou ede l reprann fòs li. Byenere pou Jènjan an, daprè dènye nouvèl yo, Minou ap reprann ti kras pa ti kras.
Istwa sa a, ki melanje komik ak sipriz, gaye rapidman sou rezo sosyal yo, sitou nan kominote ameriken an, kote anpil moun ap fè kòmantè, blag, sou chat Sila.
Yon bagay klè : Minou Xiaopi antre nan listwa rezo sosyal yo kòm towo ki pa konnen limit.
Kesyon Medàm yo ap poze, kote sa pou Mesye yo pa ka fè a?

Commentaires
Enregistrer un commentaire