Pierre François Dieu-Fils : Rèv yon jèn antrenè ayisyen ki vle chanje figi foutbòl la.
Nan yon peyi kote foutbòl se pasyon, men kote estrikti yo souvan fè defo, gen jèn ki leve ak yon vizyon klè pou fè diferans. Pierre François Dieu-Fils, pitit Komin Jean-Rabel, fè pati jenerasyon sa a ki kwè ke rèv, lè yo soutni ak travay ak fòmasyon, ka tounen reyalite.
Lè w mande Pierre François ki objektif li genyen kòm antrenè ak fòmatè foutbòl, li pa ezite. Rèv li yo klè, òganize, e yo vize wo:
1.Vin chanpyon ak Racing des Gonaïves, yon klèb istorik nan foutbòl ayisyen an.
2.Jwe epi ranpòte CONCACAF Champions League, pou fè drapo Ayiti flote sou sèn rejyonal la.
3.Kreye yon akademi foutbòl nan Jean-Rabel, kote talan lokal yo ap jwenn bon fòmasyon epi opòtinite pou ale sou sèn entènasyonal la.
4.Pran direksyon seleksyon nasyonal la, pou konstwi yon ekip solid, disipline, ki kapab konpetisyon ak pi gwo ekip mondyal yo.
5.Antrene yon gwo klèb an Ewòp, kòm yon etap enpòtan nan karyè pwofesyonèl li.Sa yo se pa senp rèv. Se yon plan lavi.
Jean-Rabel se pa sèlman kote li soti, se rasin vizyon li. Nan komin sa a, talan egziste, men anpil jèn pa jwenn estrikti pou devlope talan yo. Se reyalite sa a ki pouse Pierre François reve yon akademi foutbòl ki baze sou fòmasyon, disiplin ak valè imen.
Pou li, foutbòl se yon zouti devlopman sosyal, pa sèlman yon espò.
Fòme kòm agwonòm, Pierre François Dieu-Fils pote nan foutbòl la yon lojik planifikasyon ak pasyans. Tankou nan agrikilti, li kwè nan: prepare teren an,fòme jèn yo ak metòd,suiv evolisyon yo,epi rekòlte siksè a ak tan.
Menm si agrikilti se baz akademik li, foutbòl se pasyon ki gide chwa lavi li.Tou jèn, men deja chaje ak rèv ki gen sans, Pierre François Dieu-Fils reprezante yon nouvo figi lidèchip nan foutbòl ayisyen. Yon lidèchip ki chita sou fòmasyon, vizyon alontèm ak ouvèti sou mond lan.
Jodi a, se rèv.Demen, se travay. Apre demen, se reyalizasyon.
Paske foutbòl ayisyen an bezwen moun ki pa sèlman reve, men ki pare pou konstwi.

Commentaires
Enregistrer un commentaire